Nou respekte vi prive w. Paj sa a eksplike ki enfòmasyon TZANMI ranmase, poukisa, ak kijan ou ka kontwole yo.
1. Enfòmasyon nou ranmase
- Kont ou: imèl ak modpas (modpas la kripte).
- Profil ou: non, laj, gason/fi, vil, bio, foto, sa w ap chèche.
- Selfie verifikasyon: pou konfime se ou menm. Se sèlman ekip verifikasyon an ki wè l.
- Aktivite w: Tag, match, mesaj, kado, Story, salon Radio, rapò ak blokaj.
- Peman: Apple oswa Google Play trete peman yo. Nou pa janm wè ni sere nimewo kat ou.
- Telefòn ou: yon kle pou voye notifikasyon (push). Mikwo a sèlman lè w pale nan Radio oswa Flash Match. Kamera ak foto sèlman lè w chwazi yon foto.
2. Poukisa nou sèvi ak yo
- Pou montre profil ou bay lòt moun, epi fè match.
- Pou mesaj, kado, Radio ak notifikasyon mache.
- Pou sekirite: kanpe fo profil, arnaks ak abi.
- Pou peman ak retrè Vayb.
Nou pa vann enfòmasyon ou bay pèsonn.
3. Kiyès ki ka wè yo
- Lòt itilizatè yo: profil ou (non, laj, vil, foto, bio). Yo pa wè imèl ou.
- Sèvis teknik nou sèvi ak yo: Supabase (baz done), LiveKit (vwa Radio), Apple / Google Play / RevenueCat (peman), Expo (notifikasyon), Vercel (sit entènèt). Yo trete enfòmasyon yo pou kont TZANMI sèlman.
- Lalwa: si otorite yo mande l legalman.
4. Konbyen tan nou kenbe yo
Nou kenbe enfòmasyon ou toutotan kont ou aktif. Lè w efase kont ou, profil ou, foto ou, match ou ak mesaj ou efase. Kèk dosye peman ka rete pou lalwa ak kontabilite.
5. Dwa ou
- Modifye profil ou nenpòt lè: Pwofil → Modifye profil mwen.
- Efase kont ou: Pwofil → Efase kont mwen.
- Fèmen notifikasyon oswa envitasyon: Pwofil → Notifikasyon.
- Mande yon kopi oswa efase enfòmasyon ou: sales@tzanmi.com.
6. Moun ki poko gen 18 an
TZANMI se pou granmoun sèlman. Si nou dekouvri yon kont yon moun ki poko gen 18 an, nou efase l.
7. Chanjman
Si nou chanje paj sa a yon fason enpòtan, n ap avèti w nan app la.