1. Kiyès ki ka sèvi ak TZANMI
- Fòk ou gen 18 an oswa plis.
- Yon sèl kont pa moun. Enfòmasyon ou bay yo dwe vre (non, laj, foto).
- Ou responsab sekirite modpas ou.
2. Konpòtman
Sou TZANMI, nou respekte youn lòt. Li entèdi:
- Arasman, menas, ensilt, rasis oswa diskriminasyon.
- Kontni seksyèl eksplisit, oswa nenpòt kontni ki gen rapò ak moun ki poko gen 18 an.
- Arnaks: mande lajan, kat kado, enfòmasyon bank, oswa vann bagay.
- Fo profil, oswa pran foto yon lòt moun.
- Piblisite, spam, oswa vann sèvis san otorizasyon TZANMI.
Ou ka bloke oswa rapòte nenpòt moun nan app la. Ekip nou an gade rapò yo, e li ka sispann oswa efase yon kont ki pa respekte règleman yo, san avètisman.
3. Vayb, kado ak abònman
- Vayb se lajan vityèl TZANMI. Ou sèvi ak yo nan app la sèlman (mesaj, kado, Super Tag, Radio…). Yo pa lajan reyèl, e yo pa ka transfere bay yon lòt kont.
- Achte yo fèt atravè Apple oswa Google Play. Abònman yo renouvle otomatikman chak mwa jiskaske w anile yo nan paramèt magazen an.
- Sof si lalwa mande li, achte Vayb ak abònman pa ranbousab. Gade politik ranbousman nou an.
- Vayb ou resevwa kòm kado ka, lè sèvis la ouvè, konvèti an lajan (« Kòb mwen ») selon kondisyon ki montre nan app la (minimòm, komisyon, delè, verifikasyon idantite). TZANMI ka refize oswa bloke yon retrè si gen sispèk fwod.
- Si yon kont efase oswa sispann pou vyolasyon règleman yo, Vayb ki ladan l pèdi.
4. Vrè kado
Vrè kado (flè, manje, elatriye) se biznis patnè ki livre yo. TZANMI se sèlman entèmedyè a. Si yon kado pa ka livre, nou ranbouse w selon politik ranbousman nou an.
5. Radio, Story ak videyo
- Sa w di oswa poste nan salon Radio, Story ak videyo « Lanmou Mache » dwe respekte règleman sa yo.
- Lè w voye yon videyo pou « Lanmou Mache », ou bay TZANMI dwa pou l pibliye l nan app la, sou sit la ak sou rezo sosyal TZANMI yo.
- Mizik ki nan app la se pou itilize anndan TZANMI sèlman.
6. Sekirite
TZANMI pa ka verifye tout moun. Rankontre moun nan yon kote piblik, di yon zanmi kote w prale, e pa janm voye lajan bay yon moun ou poko rankontre. TZANMI pa responsab sa ki pase lè moun rankontre andeyò app la.
7. Efase kont ou
Ou ka efase kont ou nenpòt lè: Pwofil → Efase kont mwen. Ou ka ekri nou tou nan sales@tzanmi.com.
8. Chanjman
Nou ka chanje règleman sa yo. Si chanjman an enpòtan, n ap avèti w nan app la. Si w kontinye sèvi ak TZANMI apre sa, sa vle di ou dakò.
9. Kontak
Pou nenpòt kesyon: sales@tzanmi.com